Pwogram ak Plan ICMC

Pwogram Intellectual and Developmental Disabilities Comprehensive Managed Care (ICMC), ki te konn rele “Pilòt IDD” anvan, se yon Pwogram Medicaid. Pwogram sa a bay sèvis Medicaid pou moun ki nan kategori pre-enskripsyon pou iBudget Waiver atravè Ajans pou Moun ki gen Andikap (APD).

Pou w kalifye pou w enskri nan pwogram sa a, ou dwe yon moun ki resevwa Medicaid, ki nan kategori pre-enskripsyon pou iBudget Waiver atravè APD, epi ou dwe gen 18 an oswa plis. Pou plis enfòmasyon sou pwogram sa a, tanpri sèvi ak kòd QR ki anba a.

Lyen: Pwogram ICMC | Ajans Florid pou Administrasyon Swen Sante