Glosè

  1. Ajans ki administre swen sante (AHCA) - Yon Ajans leta ki responsab pou yo admisnitre pwogram swen sante kankou Medicaid.
  2. Aksyon - Refi oubyen otorizasyon ki limite pou pou sèvis ou te mande, oubyen peman pou sèvis kankou: Rediksyon, Sispansyon oubyen revokasyon pou yon sèvis ke yo te deja apwouve; Plan-an pa bay sèvis yo alè oubyen yo pa reponn plent oubyen apèl out e fè.
  3. Anwole a Volunte - Moun ki pa oblije enskri nan plan sante pou kontwole swen yo, men ki chwazi pou fè sa.
  4. Anwolman - Pwosès kote yon moun ki kwalifye pou Medicaid deside pou yo patisipe nan yon plan santé pou ki kontwole swen yo.
  5. Anwolman Ouvri - Peryòd 60 jou kote moun ki nan plan-an ka chanje plan, san li pa bezwen yon Pou Kòz ke leta deja apwouve. Anwolman Ouvri-a pase chak ane pou moun ki anwole nan plan yo.
  6. Apèl - On demand fòmèl ke moun ki anwole nan plan-an fè, pou yo ka revize yon desizyon ke plan ki kontwole swen an pran.
  7. Asistans nan kominote - Bay enfòmasyon pou ede epi edike kominote-a, apwopo de bagay ki gen rapò avèk sante-yo, sèvis sosyal oubyen konsyans piblik.
  8. Benefis - Sèvis Swen Sante avèk benefis ke yo ogmante ke plan swen sante a kouvri pou moun ki rantre nan plan sa-a.
  9. Benefis ki ogmante - Yon sèvis oubyen benefis ke plan ki kontwole swen an ofri moun ki anwole ladanl yo, e ki pa disponib nan plan Medicaid ke leta bay la oubyen Medicaid peman pou sèvis la.
  10. Benefis Medicaid yo - Asistans nan swen sante avèk preskripsyon medikaman ki disponib pou moun ki gen Medicaid avèk moun ki patisipe nan yon plan pou kontwole swen yo.
  11. Depatman Timoun ak Fanmi (DCF) - Ajans leta ki gen premye responsabilite pou yo deside kwalifikasyon moun pou Medicaid. DCF jere lot pwogram tou ki gen rapò avèk abi ak neglijans, pwoblèm mantal, abize sistans kankou dwòg ak akowòl, moun ki sanzabri, avèk lòt pwogran sèvis sosyal.
  12. Depatman Zafè moun Aje (DOEA) - Ajans leta ki gen premye responsabilite pou jere pwogram sèvis imen ki benefisye moun Aje nan Eta Florid-la.
  13. Desafilyasyon - Lè plan moun ki anwole nan Medicaid la te patisipe ladanl lan, koupe.
  14. Doktè Prensipal (PCP) - Yon doktè ki kontwole swen’w, trete ti pwoblèm sante’w, kowòdone swen sante’w epi refere’w pou al wè yon espesyalist si sa nesesè.
  15. Evalyasyon Konplè avèk Revizyon pou Sèvis Swen alontèm yo (CARES) - Pwogram tès admisyon pou swen alontè nan Eta Florid pou moun ki vle aplike pou rete nan yon Mezon Retrèt. CARES ede idantifye bezwen swen alontèm moun bezwen, epi etabli kalite swen (kwalifikasyon Medikal) pou moun ki aplike pou Mezon Retrèt avèk egzansyon nan Medicad.
  16. Fasilite Retrèt - Yon enstitisyon swen ki bay swen medikal pou moun ki entène lakay yo avèk sèvis pou moun ki bezwen sèvis sa yo.
  17. Fèmen ladan - Peryòd kote moun ki nan Medicaid yo paka chanje plan ki kontwole swen yo, Amwenske genyen yon rezon ke leta deja apwouve.
  18. FL Medicaid Manm Portal - FL Medicaid Manm Portal yo pèmèt manm yo tcheke si yo kalifie epi nan ki eta ke aplikasyon oswa dosye yo ye. Yo kapab wè oswa ajou adrès yo, mande èd ak yon messagerie asire, enskri oswa chanje plan yo, fe plent sou paj la tou oswa tcheke nan ki eta ke plent lan ye, epi yo kapab resevwa E-mail oswa SMS/ text mesaj alèt alaplas mèl
  19. Gadyen - Yon reprezantan legal ke tribunal la nonmen pou yo aji nan enterè yon timoun oubyen yon granmoun ki enkonpetan.
  20. Kalite swen (LOC) - Kalite swen alontèm ke moun ki gen Medicaid la bezwen daprè bezwen Medikal yo. CARES mete yon kalite swen an plas pou moun ki gen Medicaid.
  21. Konpòtman pou lasante - Yon pwogram ke plan MMA ki kontwole swen an ofri pou yo ankouraje epi rekonpanse konpòtman ki sipoze ameliore kalite sante moun ki nan plan-an.
  22. Konsey Chwa - Yon sèvis ke Medicaid ofri pou ede moun ki gen Medicaid, pran plan ki pi bon pou yo-a.
  23. Konseyè Chwa - AHCA otorize moun ki pale avèk moun ki gen Medicaid-yo, pou yo ede-yo konprann chwa yo pou plan yo, epi enskri yo nan yon plan nan Medicaid pou kontwole swen yo.
  24. Konseyè chwa ki sou teren - Moun ke Ajans ki administre swen sante nan Eta Florid-la otorize pou rankontre fas-a fas avèk moun ki resevwa Medicaid yo, pou ede yo konprann diferan opsyon yo genyen pou plan yo epi enskri nan youn ladan yo.
  25. Kopeman (ko-Fre) - Yon kopeman se yon frè ke moun ki gen Medicaid la peye doktè-a pou yon sèvis.
  26. Kote ki bay sèvis Medicaid - Lopital, Mezon Retrèt/pansyon, etablisman sante piblik oubyen lòt òganizasyon nan Medicaid oubyen ki gen kontra avèk plan ki pou kontwole swen an pou yo bay moun ki kwalifye pou Medicaid sèvis.
  27. Kouvraj Medicaid ki konplè - Yon moun ki resevwa Medicaid e ki klwalifye pou yo resevwa tout sèvis Medicaid ofri.
  28. Kòz - Rezon ke leta apwouve ki pèmèt moun ki nan plan yo pou yo chanje plan menm lè yo pa nan dat anwolman-an. Rezon sa yo, rele “Pou Kòz”.
  29. Kwalifikasyon Doub - Yon moun ki anwole e ki kwalifye pou ni Medicare ni Medicaid.
  30. Magouy - Yon desepsyon entansyonèl oubyen yon move reprezantasyon de enfòmasyon nan entansyon pou yo ka resevwa lajan oubyen jwenn yon bagay pèsonèl.
  31. Manm - Yon moun ki kwalifye pou Medicaid e ki anwole nan yon plan sante pou kontwole swen li. Yo rele tou “moun ki anwole”.
  32. Medicaid - Yon pwogram asistans Medikal ke Akt Sosyal Sekirite a otorize, e disponib pou sèvi moun daprè bezwen finansyèl yo avèk lòt Kondisyon ki ka kwalifye yo.
  33. Medicaid Nòmal - Yo se benefisyè de Medicaid ki pa anwole nan yon plan sante pou kontwole swen yo e ki ap resevwa sèvis Medikal nan baz frè-pa-sèvis. Yo rele li you Medicaid Regilye.
  34. Medicare - Yon pwogram Medikal nan gouvènman Federal la ki ofri asirans pou Amerikan ki gen 65 an oubyen plis avèk moun ki gen Andikap.
  35. Medikalman ki nesesè - Moun ki pa kalifye pou "konplè" Medicaid paske revni yo oubyen yo genyen sou limit pwogram Medicaid yo ka kalifye pou pwogram Medikalman ki nesesè yo. Moun ki enskri nan Medikalman Bezwen dwe gen yon sèten kantite bòdwo medikal chak mwa anvan yo ka apwouve Medicaid. Sa se refere yo kòm yon "pati nan depans" ak varye selon gwosè kay la ak revni.
  36. Moun ki anwole-a - Yon moun ki gen Medicaid, e ki enskri nan yon plan pou ki kontwole swen li.
  37. Moun ki kwalifye pou benefis Medicare (QMB) - yon pwogran nan Medicaid ki peye prim Medicare yo pou kelke moun ki andikape oubyen ki gen pwoblèm nan ren.
  38. Moun ki resevwa Medicaid - Yon moun ke Depatman Timoun ak Fanmi (DCF) oubyen Administrasyon Sosyal Sekirite (SSA) a detèmine yo apwouve pou pwogram Medicaid la.
  39. Òganizasyon pou mentni Lasante (HMO) - Konpayi ki kontakte avèk yon rezo moun ki bay swen lasante kankou, Doktè, lopital, avèk laboratwa ki bay sèvis swen lasante.
  40. Ospis - Yon pwogram oubyen yon etablisman ki bay swen pou moun ki malad byen mal
  41. Otorizasyon Alavans - Sèvis yo apwouve avan ou resevwa yo.
  42. Peryòd 120 jou pou chanje plan - Aprè anwolman nan plan pou ki kontwole swen an fin fèt, moun ki anwole-a gen 120 jou pou li chanje ale nan yon nouvo plan, si se sa yo vle.
  43. Peryòd ke kouvraj la pedi tanporèman - Peryòd kote moun ki anwole ya pèdi kwalifikasyon pou Medicaid epi rejwenn li (pa plis pase 60 jou). Pandan tan sa-a, Benefisyè-a kapab kontinye resevwa swen alontèm li yo anba plan swen alontèm nan.
  44. Plan Avantaj Medicare - Yon plan sante ke Medicare apwouve ke konpayi prive ofri. Li kouvri lopital avèk sèvis Medikal, ki genyen kouvraj preskripsyon medikaman ladan li tou epi li ka ofri lòt kouvraj tou kankou vizyon, tande, dan avèk pwogram byenèt. Chak plan ka mande diferan frè ki pou sot nan pòch pa’w e yo ka genyen diferan regilasyon de jan ou ka jwenn sèvis. Nou ka òganize plan sa yo kankou òganizasyon pou mentni lasante, Òganizasyon ki gen preferans doktè, Plan sante ki kowòdone avèk plan bezwen espesyal.
  45. Plan Dantal - Dental bay tout sèvis Dantal Medicaid kouvri pou timoun ak granmoun
  46. Plan Espesyalize - Yon plan ki sèvis benefisyè Medicaid ki ka satisfè kèk kondisyon kankou laj, kondisyon espesyal, oubyen rezilta egzamen lasante.
  47. Plan ki kontwole Asistans Medikal (MMA plan) - Yon plan ki kontwole swen ki bay sèvis nan pati kontwòl Asistans Medikal-la (MMA) nan pwogram Medicaid ki kontwole swen tout eta Florid la(SMMC).
  48. Plan ki kontwole swen an - Yon plan ki kontwole swen ki bay sèvis pou pati alontèm nan pwogram Medicaid ki kontwole swen pou tout eta Florid la.
  49. Plan swen alontèm nan (LTC plan) - Yon plan swen kontwole ki bay sèvis yo pou pati a Long-term Swen nan Pwogram Statewide Medicaid Managed Care.
  50. Plent - Yon fason pou moun ki anwole nan yon plan eksprime plan ki kontwole swen–an oubyen yon ajans leta, ke li pa satisfè, oubyen a loral oubyen a lekri.
  51. Pote Plent - Nenpòt ki jan, a loral oubyen a lekri, ke moun ki anwole nan plan-an chwazi pou yo eksprime disatisfaksyon yo apwopo de yon pwoblèm, ki pa yon mezi, , ke yo soumèt a plan ki kontwole swen an oubyen yon ajans leta.
  52. Pouvwa Avoka - Yon dokiman legal ke moun itilize pou yo deziyen yon lòt moun pou yo aji epi pran desizyon nan enterè yo, nòmalman yo itilize yon moun nan fanmi yo.
  53. Prensipal Dantal Founisè - Yon Medicaid prépayé Dantal Sante Plan Dantal oswa subcontracted dantis ki pratike kòm yon dantis jeneral oswa dantis doktè ki founi premye swen Dantal ak sèvis jesyon pasyan nan yon anwole.
  54. Pwogram espesyal nan Medicare ki benefisye moun ki fè yon tikal kòb (SLMB) - Yon pwogram ki peye prim pati B Medicare pou kelke moun ki andikape avèk moun ki aje.
  55. Rejyon - Zòn sèvis oubyen zòn jeografic kote plan ki kontwole swen an apwouve pou yo ofri sèvis a moun ki benefisye de Medicaid.
  56. Responsabilite Pasyan - Pri sèvis Medicaid alontèm nan ke benefisyè-a peye, oubyen kantite lajan li responsab pou li peye a. Depatman Timoun ak Fanmi determine sa daprè lajan benefisyè a rantre pa ane e kote li abite.
  57. Rezo sèvis Medikal pou Timoun (CMS Network oubyen CMSN) - Yon pwogram ke depatman Sante opere, ki bay sèvis pou timoun depi lè yo fèt jiskaske yo gen 21 an
  58. Rezo Sèvis Doktè (PSNs) - Yon sistèm ki pou delivre swen sante ki se pwopryete lopital yo, gwoup doktè, oubyen lòt etablisman ki bay sèvis swen sante e yo opere.
  59. Sant pou Sèvis Medicare avèk Medicaid (CMS) - Ajans ki nan Depatman Sante ak Sèvis imen, nan Eta Zini ki finanse ak jere Medicare, Medicaid avèk pwogram asirans pou sante timoun anba akt Sosyal Sekirite-a.
  60. Sant Resous pou moun Aje ak sa ki Andikape (ADRC) - Yon ajans ke depatman Zajè moun aje chwazi pou yo ka devlope avèk jere yon gran sistèm ki kòwòdone sèvis moun ki aje ak andikape.
  61. Sèvis Dantal ijans - Selon Plan Medicaid Eta a, pwosedi ijans nesesè medikal pou soulaje doulè oubyen enfeksyon, limite pou ekzamen nan bouch dijans, radyografi nesesè, ekstraksyon ak ensizyon ak drenaj yon absè.
  62. Sèvis ki espesyalize - Yon sèvis oubyen swen ki pèsonalize pou yo ka entegre, men pa sèlman, èd pèsonèl ak benyen, abiye, mache, manje, sipèvizyon oubyen asistans avèk lè moun nan ap pran medikaman yo, asistans pou yo ka asire’w ke w’ap resevwa swen lasante kote’w bezwen yo-a avèk transpòtasyon pou kote sa yo avèk aktivite nòmal.
  63. Sèvis ki kouvi - Sèvis avèk benefis ki ogmante ke plan ki kontwole swen-an bay.
  64. Sèvis ki pa kouvri - Yon sèvis ki pa nan ni benefis plan Medicaid la ni nan plan ki kontwole swen an.
  65. Sèvis si ou vle - Sèvis ke eta a chwazi pou ofri anplis de sèvis federal yo.
  66. Sèvis Swen pou pwoblèm ki grav - Tretman Medikal pou yon ti bout tan, ki ka genyen men pa limite, ak Tretman pou konpòtman nan kominote-a, tretman pou dan, tretman pou jan’w tande, tretman pou sèvis sante andedan lakay ou, laboratwa endepandan avèk radyografi, entène lopital, Extène lopital, Extène lopital/tretman medikal nan ka ijans, tretman doktè, preskripsyon medikaman, tretman pou jan’w wè, sèvis nan ospis.
  67. Swen Dantal Woutin - Yon vizit swen Dantal ki byen pou sèvis prevantif (eg tès depistaj, netwayaj, tcheke, evalyasyon) oswa swiv yon kondisyon tretman ki deja trete ak nenpòt lòt woutin ki pa tretman yon maladi / kondisyon Dantal (tankou swen malad ).
  68. Tès pou swen alontèm nan - Yon tès ki pèsonalize e ki konplè de eta Medikal, devlopman, konpòtman, sosyal, finansyèl, avèk anvironman ke yon moun ki kwalifye pou sa, fè pou yon moun nan objektif pou yo ka konnen sèvis swen alontèm moun sa bezwen.
  69. Transpòtasyon - Yon jan pou vwayaje ki apwopriye ke yo ofri yon moun ki anwole nan yon plan oubyen ki ap benefisye de Medicaid pou li ka resevwa sèvis ke Medicaid kouvri
  70. Twazièm pati - Yon moun, yon òganizasyon oubyen yon pwogram, ki pa Medicaid, ki se, ki kapab, kita, oubyen kite kon responsab pou tout oubyen yon pati nan pri pou sèvis Medikal ki gen rapò avèk nenpòt nan asistans Medikal ke Medicaid kouvri.